Zòt pa Legba li vle dirije baryè
M di l wet kò l la l anraje l vle kase zèl mwen
M met pye m nan dlo manman
Ou k panse maleng ki chita jouk nan zo
Nan yon sèl soulye m gade m wè de pye m yo
Fò w frape pye w paske se kou m y ap peze manman
Souke tchye wòb ou men yo vle pyeje m
Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili o
(Pran batay la m poukò m o)
Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili o
Zòt taye yon chapo ki mezi tèt mwen
Li met sou do m yon palto ki fè longè mwen
Si chimen kè yanm se kouto ki konnen l
Ou ka wè lapenn ki anba kout ri mwen
Mwen m vle vole pou ale kontre rèv mwen
M vle depoze koulè sou tout nuit blanch mwen
Men depi kèk tan nanpwen repo pou nanm mwen
Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili o
(Pran batay la m poukò m o)
Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili o
M s on sèvitè k ap bouske limyè
Pase devan manman mwen m dèyè
Konnen konnen konnen konnen konnen konnen konnen ennnn
Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili o
(Pran batay la m poukò m o)
Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili Zili o
M s on sèvitè k ap chache limyè
Pase devan manman mwen dèyè
Konnen konnen konnen konnen konnen konnen